~Lanmou~ Lontan, lanmou Ayiti te pi dous, se te bèl bagay. Se - TopicsExpress



          

~Lanmou~ Lontan, lanmou Ayiti te pi dous, se te bèl bagay. Se te ti lanmou voye lèt, bel akwostich, ti powèm Se te lanmou lè wap tande Herold Christophe, Jacques Sauveaur Jean ak anpil chansonèt fransèz. Se te ti lanmou nan koridò, cache nan jaden pou fè ti bo Se te lanmou bè fèt de salon oubyen nan bal kote tout moun respekte tout moun Se te lanmou anba lapli, sou do beton, cache andan twalèt. Se te lanmou cache nan fe nwa ap voye ti wòch oubyen fè psittt psittt. Se te lanmou nap bwè ice cream bouche nan bouche Se te lanmou, depiw fe yon ti bo ou preske pakab dòmi telmanw damou. Kounyea lanmou degringole sou Highway, siw pa gen kob pouw mete gaz nan machine lanmouw, nempot mawozo gwo polka kab towing fanm ou. Tout bon bagay nou te genyen preske finn ale, tout moun ap cheche lavi miyò nan peyi letranje paske nou pèdi lespwa hmmmmmmmmmmmmmmm #mannquin bonne nuit a tous....
Posted on: Sun, 20 Oct 2013 03:57:53 +0000

Trending Topics



Recently Viewed Topics




© 2015