AYITI : POUKISA VOYE ALE PA JANM BAY ANYEN? An Ayiti, lidè - TopicsExpress



          

AYITI : POUKISA VOYE ALE PA JANM BAY ANYEN? An Ayiti, lidè opozisyon yo toujou mete tèt yo ansanm, pou kalonnen sou yon gouvènman, jiskaske yo dechouke li. Aprè yo fin deboulonnen pouvwa a, yo tout retounen nan jwèt chen manje chen an. Sa ki pirèd la atò, yo fin voye gouvènman an ale, yo pa gen okenn solisyon derechanj nan men yo. Puiske lidè politik yo pa gen okenn altènativ, pou ranplase pouvwa a, se anbasad yo ki toujou vin ak solisyon pa yo. Kidonk, tchoul ki te sou pouvwa a lidè politik yo voye ale a, se anbasad yo ki te mete li. Se menm anbasad sila yo ki vin mete yon lòt domestik tounèf, lòske sistèm nan esoufle. Kidonk, se sa ki esplike, voye ale pa janm bay anyen an Ayiti. Paske blan yo toujou enpoze sou pouvwa a yon moun ki nan enterè yo. Ou konprann, kounyeya? Toutotan, se kominote entènasyonal la k ap mete moun pa yo sou pouvwa a, an Ayiti, nou fenk kare mele. Lòske n ap goumen pou nou mande demisyon yon chèf sou pouvwa, fòk nou gen yon solisyon derechanj. Pa kite blan yo vin foure nan gòjèt nou yon reskiyè tankou Martelly. HAÏTI CHÉRIE, Groupe ouvert
Posted on: Wed, 31 Jul 2013 14:51:42 +0000

Trending Topics



Recently Viewed Topics




© 2015