!!!Attention !!!aux Incrédules dans le dysfonctionnement de - TopicsExpress



          

!!!Attention !!!aux Incrédules dans le dysfonctionnement de l’état Haitien !!! Pèp ayisyen pa kite peyi a tonbé !!! Vodouyizan..champwel, zobop, bizango, temwen jeyova, batis, pantekot,mason loj., Mizilman, Pwotestan, Katolik ak tout lot sosyete nan peyi dayiti ... Pèp ayisyen nan zafè retire ko-w pou-m mete pam nan li reprezante gwo danje pou peyi-dayiti...se nou ki te voté Joseph Michel Martelly...pouki sa nap aji konsa a ? Se vre nou konprann enkyetid nou... Pouki sa tout mannev sa yo ? Yo rele Aristid nan jijman… Yo touye jij…. Yo di madan Manigat nan kou deta… Moun ap mouri nan Kolera... Ayisyen ap asasinen ayisyen alos chen manje chen... Ti moun pa ka al lekol... Jenn fi tonbe nan pwostitisyon… Akizasyon sou fanmi prezidansyel... Imilyasyon kont ansyen militè... Gran moun ap mouri grangou san travay…ki kote sa prale? Moun pa gen kay pou yo rete… Ayisyen pa vle rete nan peyi-l tout vle al Brezil… Salami ken matye fekal… Dominiken di lap anvayi- Ayiti, paske nou pa vle achte manje nan men-l Meriken di pep-li pa rantre nan peyi dayiti… Gason ak fanm makomè mande maryaj ak fiyansay… La gè deklare nan mitan relijyon yo … Laprès nan goumen ak vodouyizan…sou kesyon maryaj Masisi ak madoda… Opozisyon pa vle Reini ak gouvelman... Moun ap di la mizè ap touye yo ...yo grangou...leta a demisyonè... jounen jodi-a ayiti reprezante yon gwo danje paske nou pa konen enpotans peyi-nou... jounen jodi-a menm manev ki te ap fet sou gouvelman pase yo retounen anko... Bay manti sou moun serye retounen anko... Mete tout moun nan prizon sou preteks se yo ki ap fe sak pa bon nan peyi a...epi...pafwa nap mande bondye pouki sa moun kap fe mal yo gen pouvwa nan men yo pou yo fé sa yo vlé.... ? Tan zantan ...genyen yon laboratwa kap fabrike yon nouvo bagay pou blo mas pèp ayisyen an… kidonk pep ayisyen leve je nou gade nan ki eta nou ye, ki kote nap viv…e ki kote nap rivé... tout pouvwa yo divizé...la chanm se batay, chak jou ak egzekitif...okenn bidje paka pase, anyen serye pa ka vote ...anpil neg ap chache fe afe pa yo pase...pandan ke peyi fini vann... Mete tet nou an plas.. nou pa ka nan retire prezidan, nan fe kou deta ou fe rimè kou deta... E pa bliye depi nap mete prezidan deyo...lot prezidan pap janme ka fe sek kan pal la... Epi pesekisyon pap janme fini… Jounen jodi-a nou genyen yon avantaj...¿ki avantaj li ye ? Nou genyen tout ansyen prezidan yo, ansyen jeneral yo, tout ansyen manm gouvelman pase yo... avek nou ...yo bouke pran imilyasyon nan peyi blan...nan legzil, nan kouri al kache ... Ayisyen Mete tet nou anplas pou ayiti Yon sel bagay, se siyen yon pak nan fè e siyen yon pwotokol Rekonsilyasyon Nasyonal epi mete yon tribinal espesyal pou dedomaje viktim yo, Rann yo moun ki disparet yo yo yon omaj pèmanan, ak yon plas ak yon flanbo imotèl Kreye yon tribinal de Paix pou pasifye ayiti... Deklare yon kongrè pemanan pou sove peyi a pou regle zafè Rekonsilyasyon an… Epi rive fe chanjman an total kapital... Epi Respekté peyi a …Sonje Dessalines ak lezot yo kit e mouri pou-n te kap di nou se yon pep Epi fe referans!!!ak Tolerans Politik… !!Pou Ayiti pou drapo a lanmo pa anyen!!! Viv ayiti… Viv la demokrasi… Non ak mete prezidan deyo… Non ak movez enfmasyon sou lot.. An nou bliye la enn!! An sove peyi –a nan plante pye bwa e youn tolere lopinyon lot...tout moun viv e tout moun gen dwa…ayiti se pou tout ayisyen…
Posted on: Thu, 15 Aug 2013 10:41:41 +0000

Trending Topics



Recently Viewed Topics




© 2015