Ayiti bouke ak kolonn anakonda politisyen entènasyonal ak - TopicsExpress



          

Ayiti bouke ak kolonn anakonda politisyen entènasyonal ak nasyonal sa yo ki finn souse san li. Lè yo sou brenzeng yo, pèsonn pa gen gras devan je yo. Sa ki ayisyen yo pi mechan paske yo konn tout kwen yon inosan ka kache. yo pale ak blan epi vomi manti bay tipèp la. Lè yon sitwayen ta kanpe kont yo peye lajan pou kraze l. Jistis nan peyi sa vann lajan kontan. Jij ap pran dola pou vann larezon. Avoka ap mande dola us pou yo plede pou malere. Nan palman, bagay la mangonmen paske gen depite ak senatè nan 2 zan ki preske milyonè poutan tipèp la ap vale van. Anndan ministè yo se gaspiyaj total. Se pwojè us pou tax goud. Tout ti rankwen ministè yo se gagòt pou yo ka rele yo gran depansè. Politisyen tilolit ak fo diplom epi san konpetans politik fè kenken paske pèp la gen san. Mezanmi, menm nou pa gen kè moun nou ta bay pèp la yon chans.
Posted on: Sat, 20 Jul 2013 03:25:24 +0000

Trending Topics



iv>

Recently Viewed Topics




© 2015