Ayiti va chanje Ayisyen, ayisyen ann rasanble n Zannana kou - TopicsExpress



          

Ayiti va chanje Ayisyen, ayisyen ann rasanble n Zannana kou pengwen Paske anpil lot nation kosideren tankou chen Gade tray n ap pase anba men vye blan dominiken Gade jan y ap bann kout ponya mare n nan sak voye n jete tankou tenten O Isabela ayiti toma bel Nana M sonje se nou k te konn ap met manje nan bouch zot kelke tan desa Men m pa ka konprann sakap pasew konsa Apa se kay zot n al benyen chen kounye a Yo toujou di fanm fe pitit li pa ka bal santiman Men se vre apa tout sak lotbo dlo yo bliye si yo te gen manman Y ap bwe abiye che, fe trafik nan restoran Yo bliyew, yo diw tro soyet pou yo ou pa sanble ak paran Yo bliye fre yo kite deye kife sak rete yo tou anvi pran batiman Ayiti neg yo mechan gad kijan yo fe konplo pou yo vyoley Yo leve tye rob ou bay etranje gad koze w Kife kounyea ou toutouni Neg yo menm postitiye w Se radiyes wi pou pitit ou la epi konsa y ap maltrete w Men m ap seche dlo nan jem Paske gen espwa toujou pou ayiti Pou le drapo pou la patri se pou n mache ini Problem nou se ke nou dezini Nou tankou bann grenn pwa depaman nan mitan plat diri Proveb ayisyen di chak koukouj klere pou je yo Men sasafe si senk koukouj klere pou youn ki pedi limye nan mitan yo Linyon fe lafos se sak ekri nan drapo n Men nou vle fe dezinyon pito Pandan m ap pale la m pran sant lespwa Le neg potoprens ak neg andeyo fon konbit pou n plante pye bwa Le limina sispann woze zong li pou n plante pwa Lesa, kondi Reginal Cange na va jwenn rezilta Ayisyen nou ganle pa we nan je Nou pa bezwen enpote non pou n bay tet nou manje Ann sispann enpote salami etranje Ann met men ansanm pou Ayiti ka chanje Le san a na retire tet nou nan danje Ayiti va chanje Author Unknown
Posted on: Fri, 29 Nov 2013 04:55:14 +0000

Trending Topics



Recently Viewed Topics




© 2015