Bonjou tout moun! Men yon mesaj Bondye ban mwen byen bone matin - TopicsExpress



          

Bonjou tout moun! Men yon mesaj Bondye ban mwen byen bone matin yan! Li dim konsa => Men yon lot pi gro fason ke enemi yan ka tronpe ou, li fe ou pranz ke ou malad, ouswa pran poz moun fou ou, ouswa poum ta pi byen di li fe ou aji yon fason pou ou tronpe lot moun. Bondye dim anko, eske nou pa janm tande kote yo di ke nan tout blag ouswa jwet ke yon moun ap fe ouswa ap di sou ou konn genyen verite ladanl paske moun nan ta vle di ou verite ki nan coeur li, men li pase ba anba tankou se jwe lap jwe poul di ou sa li vle di ou wa. Ebyen men kijan Bondye te konpare yo tou de ansanm, Li dim ke le ou we satan ap fe ou aji yon fason pou tronpe lot moun, se yon fason pou li rantre nan vi ou san ou pa konnen. Paske, li fe ou panse ke sa wap fe ya se tankou se pa anyen li ye e ke li paka afekte ou nan oken fason, epi avanw bat je ou le gade tout blag ou tap fe yo pou ou tronpe lot moun yo vin yon reyalite nan vi pa ou. Pran prekozyon nou tout, paske satan deyo wa ap mache, lap cheche e ap tcheke pou li we kiyes e kimoun li ka devore. moun ki gen zorey tande sa Lespri Bondye ya di! Pase yon bon jou, e Bondye beni nou!
Posted on: Wed, 20 Nov 2013 15:54:13 +0000

Trending Topics



Recently Viewed Topics




© 2015