Carline pase sot nan dantis la epi li pase achte Iphone5s la poul - TopicsExpress



          

Carline pase sot nan dantis la epi li pase achte Iphone5s la poul voye pou Jhon kom li pa gen adress la, li oblije esseye rele Jhon ann swiv.. ~Bleng Bleng Bleng tel Jhon soneZ~ Carline: o o epa l pa pran appel vye telephone nan gnlè pa bon menm? O wi hello eskem ka pale ak menaj mwen Jhon please? Lovely: Wi bjr eske c Carlline? Carline: Yea c Carline ki mounn sa? Lovely: C Lovely ti sè Jhon Carline: ah bon koman fè telephone li c nan menw li ye, epi koman fè m pat janm tande pale d ou? Lovely: ah Sista map travay Jakmel c chak fin mwa m vini esak fè ou pat janm tandem, telephone Jhon nan pa lumen menm maten an, lèl wè sa li retire sim nan li metel sou bwat mwen an epi li di lap nan pakè jodi a li pap gentan poul pale li kitel nan menm li di lew rele ma pale avew, e li t menm di gn yn komisyon ou tap voye pou li. Carline:Oh ok mwen understand. Wi c pou sa m rele la wi, mwen achte yn telephone pou li m t vle voyel pa DHL express poul t ka jwenn li demen, eskem met voyel sou nonw? Lovely: Wi ou met voyel wi sista cheri. Carline: oh ok sem banm nonw please. Lovely: Non pam c Lovely Paul Marina Carline: oh ok m pral voyel kounie a mwen m Carline Kolonba ou met al chachel demen vè 11hè pou li, kom map relel pita map finn bal tt info yo. Lovely: Ok Sista merci Carline: ok Lovely: Sista ou konen frem renmemw anpil, c pa 2 kontan li pa kontan paskel avew. Carline: awwwww so sweet....Mwen renmenl anpil tou wi, men mwen yn ti jan pè lanmou long distans sa yo. Lovely: ah ou pa bezwen pè sista, c pa paske Jhon c frem non, men li c yn bon mounn sem li pa vagabon. Carline: wi m ka wè sa nan fasonl pale men ou konen pa fwa ou konn pale ak yn mounn epi lew ap viv bo kotel c yn bagay diferan. Lovely: Wi saw di a gn sa, men manman nou mouri li kite nou 2 a li t toujou di Jhon poul respekte tt fanm epi pigal fè fanm pase mizer, kom m pa konenw men pou sa Jhon dim d ou ou mwen renmenw anpil wi sista. Carline: ah bon m renmenw anpil tou wi sem, saw fè nan vie a menm? Lovely: ah ou konen map travay pou yn organizatyon jakmel ki rele Food for the poor ou konen sista nap konbat ak lavie a. Carline: ebyen c bon sa, map konte sou ou pa kite Jhon gn lot fi non. Lovely: ah pa gn sa pyes sista c ou mwen konen, mwen c sel mounn ki pa nan sitirans ak mounn ou met konte sou mwen. Carline: M ta swete sa. Lovely: wi sista c janm diw la. Bon sista kilè wap antre vinn wè mariw menm? Carline: Maybe lot mwa a paske map gn vakans e mwen anvi wel anpil. Lovely: hmmm moun yo damou wi larr eben map tann ou dayè c mwen ki pou fè mange pou ou lew vini. Carline: ah m pa kwe map desann kote nou ye a, paske m gn yn zanmi ki rele Westerline li gn soeur l ki rele Raymonde c li menm kite fem jwenn ak Jhon m kwè c lakay li map desann m pa vle poul fè jalouzi. Lovely: Si mariw ap dakor jan neg sa damouw la, epi peyi a pa gn sekirite Jhon c polis wap pi safe lakay la. Carline: o epaw nan safe you speak english? Lovely: of course why not loll Carline: oh im glad to hear that. Lovely: thank you Im very happy to be your sister lolll Carline: he he sak gn lar mwen menm ki ap viv nan peyi USA epaw soti pouw kolem nan anglè loll Lovely: lol ki bor sa map fè efor Carline: Gade sem nan pale nan telefonn lè a finn pase banm al voye telephone nan nap pale pita good bye. Lovely: ok Sista muahhhh byeeeee ~Tel la racrochez wi larrrr~ Lovely: ah bon manzer sanble yn bon kananan pa okipel map dechèpiyel li pap janm konn si c ak matlot li lap pale la, folie dous la. Janm neg sa fem vini avan yerswa la, pou di c ti Carline kita jwenn siwo sa anmweyyyyyyyyyy ~Bleng Bleng tel sonez ankor~ Lovely: o o ki mounn kap relem la ankor? Aloooooooo Jhon: Alo bb sak pa c? Lovely: ah m pa byen avew non. Jhon: oh poukisa bb sam fèw ki mal la? Lovely: a maten an ou al travay ou pa menm levem menm. Jhon: Men cheri ou tap domi m pat vle deranjew epi yerswa nou t tou pale d bagay yo. Lovely:Ou telman t fem domi dous yerswa c talè a m resi leve wi. Jhon: C pa domi dous map few selman non, ou gn pou ap mache tou sikre wi telman wap dous. Lovely: pa ban mwen ebyen mwen met tou relew mesye dous lolll Jhon: lolll sa ou ki konen, dim byen sak tonbe? Lovely: ah manzer rele m dil ou c frem, m dil janw renmenl epi m di map veyew pou li, epi li mandem nonm li al voye Iphone nan li di wap jwenn li demen. Jhon: a wap byen jwe wi larr wi bb. Lovely: si map byen jwe, mwen menm mandel kilè lap vinn wew?4 epi m dil fok c lakay la poul desann, li palem d yn Raymondekite fel jwenn avew. Jhon: han Raymonde c bon zanmim c li kite fem jwenn avel vre wi. Kisal diw d sa menm? Lovely: ah li dim lap desann lakay li, m bal may m dil c la poul desann pou sekirite lol Jhon: ou for wi antouka map vini talè m t kite 500gds bò tet ou a fè yn ti banann ak pwasson pou mwen. Lovely: ok mi amor Je taime Jhon: Je taime aussi bb. Lovely: oh gadem manke bliye diw sa, lap relew pita ok. Jhon: ok map tann li m pral fout li yn lot bill loll Lovely: o wi c bal billl menm wi, paske yo anranje trop komsi yo pa ka jwenn neg lot bò loll Jhon: o wi ebyen lap peye sòs la pi cher ke pwasson an loll Lovely: ah ou fem ri bb menm jan ak film Alelouya a, nap telman manje kob li epi nap di: FATAL N KOYÒ represent bawwwwwwwwwwwww Jhon: anmwey wap touyem loll map tounen Nono pa gn kòb m razeurrrr loll podyab vye malere sa li mouri wi Lovely:lol bb kitem ale m pral achte pwasson byeeeeeeeeee Jhon: bye fanm dous mwen. Mezanmi men kijan la plupar mounn Ayiti pran mounn laba pou egare, podyab Carline ki pat vle neg miami men lap kouri pou rivière li tonbe nan lanmèr......Ret branche paj la demen a 11hè nan maten pou nou konn sak pral pase merci. 33likes please!! *PDG*
Posted on: Wed, 27 Nov 2013 21:59:37 +0000

Trending Topics



>

Recently Viewed Topics




© 2015