En reyalite nou konnen genle se vre wi tout ayisyen tet anba ? - TopicsExpress



          

En reyalite nou konnen genle se vre wi tout ayisyen tet anba ? eske nou ka imajine ke nou menm ayisyen nou toujou fe afe pa nou dife feran de tout lot nasyon. semen pase yo te fe teleton pou seleksyon, bravo se te tre byen,bel insyativ pou moun ki te an tet yo ,mwen te telman kontan ,menm mwen tou mwen te bay patisipasyon pam ,men sa mwen pa rive konprann se poukisa se yon semen avan golkep la teleton sa te rive fet? ann konprann byen pou dat seleksyon te konn nan pwoblem kob.yo konn menm paka pati pou mank de mwayen. Mwen panse malgre te gen bon entansyon deye teleton sa,men tou te gen anpil ti gabay pesonel tou,ti chorof,ti fe we, anpil ti espri farizyen ladanl tou. Tou moun sa yo ki tap defile nan tele karayb la yo pat toujou gen kob sa yo te vinn pote ya ,yo pat toujou konn tande seleksyon an gen pwoblem kom patap gen tele pou we yo se sak fe yo pat janm konn pote kob la ale ,oubyen voye yon chek.Pou mwen teleton an fet se byen,men mwen li ka change two gwo babgay an kalite pefomans ekip natyonal la nan golkep la tou senplemen paske li fet two,se pa bon mwen di li pa bon non,mwen di selman ke li fet two ta. Ann panse pito kreye yon kont natyonal pou ekip la kote chak ayisyen ki santi li kapab ap ka depose pou pi piti 25 g chak mwa ,eke kob sa menm sou telefon yo yap kapab pranl, li tap bon e mwen mizerab tou,mem rete kwe pou jan ayisyen renmen jwet sa a ki se foutbal la tap sati yo fye pou fe yon jes konsa, ki tap yon jes lanmou ak fratenite. E le sa le ekip la gen pwoblem yo tap gentan gen solisyon... Viv ayiti, viv tet ansanm,viv sotidarite ak lanmou SE POU LINYON RESI FE LAFOS TOUT BON VRE NAN PEYI SA. NEW LIFE MAGAZINE
Posted on: Mon, 08 Jul 2013 17:57:46 +0000

Trending Topics



Recently Viewed Topics




© 2015