Evènman moun pa prevwa rive yo tout nan moman yo pa t atann. — - TopicsExpress



          

Evènman moun pa prevwa rive yo tout nan moman yo pa t atann. — Ekl. 9:11, “NW”. Ofiramezi n ap vanse pi pre fen monn mechan sa a, dezas ak malè frape plis moun pami pèp Bondye a. Sa ka rive nou santi nou dekouraje lè nou gen moun pa nou ki mouri oswa lè n ap andire difikilte. Oubyen tou nou kapab ap soufri akoz yon sitiyasyon n ap viv oswa akoz yon enjistis nou te sibi. Sa n ap andire a gendwa fè nou mande tèt nou: ‘O Jewova, poukisa? Poukisa se mwen sa rive? Ki sa m fè m ap peye?’ (Aba. 1:2, 3). Nan moman sa yo, nou bezwen fè atansyon pou nou pa panse se lage Jewova lage nou. Jezi te montre nou pa dwe panse konsa lè l t ap pale de de malè ki te rive nan epòk li a (Lik 13:1-5). Gen anpil malè ki rive moun akoz “evènman moun pa prevwa [...], nan moman yo pa t atann”. Sepandan, kèlkeswa sa k ap fè nou soufri a, nou kapab andire l si nou konte sou “Bondye tout konsolasyon an”. L ap ban nou fòs nou bezwen an pou nou sèvi l avèk fidelite. — 2 Kor. 1:3-6. w11 15/5 3:16-18.
Posted on: Wed, 21 Aug 2013 21:33:29 +0000

Trending Topics



Recently Viewed Topics




© 2015