Hummmmmmmmmmmm mesye dam, neg sayo pap kite rakete vre mesye, Vale - TopicsExpress



          

Hummmmmmmmmmmm mesye dam, neg sayo pap kite rakete vre mesye, Vale bel sujet ki gen nan Bib La pou yon Pasteur ta trete ak pep Bondye ya, pou ta aproche pep la pi près Bondye, gangan a Bib yo, Rakete a Bib yo, chita ap chache mezi bagay kite te pase nan ansyen tan, pou yo souse pep la, pou yo dechepiye pep la! Se bon pou protestan rabi yo, yo renmen mirak trop se pou rakete a bib fe yo fe tenten menm ! Neg yo sot nan 7 plonje Nahaman…… yo tonbe nan 7 tou Jericho…. Yo sot nan 7 tou Jericho… yo tonbe nan 3 jou Esther …………….. yo sot nan 3 jou Esther ………..yo tonbe nan 21 jou Danie…………… yo sot nan 21 jou Daniel…………….yo tonbe nan 4 jou Lazard…… yo sot nan 4 jou Lazard……………… yo tonbe nan 1 semaine Anne……………… yo sot nan 1 semaine Anne…….. kounya yo tonbe nan 3 jou NINIVE……….. “TALE OU PRAL TANDE YO PRAL TONBE NAN 3 JOU JEZI” NB: mw di nou sa déjà, nan bagay sa, rakete sayo, gen pou yo fe anpil ti protestan mache san kilot, san kalson! Apre chak jeune sa yo, neg yo ka achte plizye machin 9, pandan bann ti protestan koryas, ki pap mache deye JEZI, men kap promennen deye mirak yo, lavi yo vin pi mizerab, yo vin nan plis kras, paske tisa keyo genyen rakete yo pranl nan men yo, sak pired la, kounya yo ramase, ata telephon, papye terre, bag marriage, valiz, chaine goumet, mw manse si yon moun gen yon bon fo dan l’or yo pap kitel ale tou! Mesye gen pitye pou pep la kite volo, kite rakete, JEZI ap retounen! Mana Joseph, Judith Faith Jesus, Simonord Denot, Evangeliste Donald , Charlotin, Tipip La, Junior Joseph, Ezechiel Julien, Pa Poze Junie Kesyon, Medgine Alexandre, Marie Micheline Alexandre, Dol R. Daniel,
Posted on: Tue, 30 Jul 2013 15:46:56 +0000

Trending Topics



Recently Viewed Topics




© 2015