ISTWA TRIS REYEL KI PASE** YON ZANMI KAP RELE YON LOT NAN - TopicsExpress



          

ISTWA TRIS REYEL KI PASE** YON ZANMI KAP RELE YON LOT NAN TELEFON, CHAK LE MISYE GADE LI WE NIMEWO-A, LI PA REPONN. LOT ZANMI-AN PESISTE RELE-L, LI PA JANM REPONN. 3 ED TAN EDMI, LI PA JANM REPONN, SE BYEN MALERE KE CHOK PAT PEMET MISYE MANDE YON LOT TELEFON, E LI PAT PANSE KE SE NIMEWO LI ZANMI-AN PA TAP REPONN TOU. APRE SA, ELAS, MISYE PRAN YON LOT TELEFON RELE MISYE, MISYE REPONN. MENM KOTE-A LI DI MISYE LANG**T MANM*N-W, PASKE SE SEL SA LI TE JWENN POU LI TE DI MISYE NAN MOMAN-AN PASKE SE SE ZANMI-AN KI TE LOPITAL ANT LAVI E LANMO PAT GEN KOB POU LI JWENN YON SERI DE BAGAY YO TE DI ACHTE, LI TAP RELE FRE-A POU LI DI LI KOURI AN IJANS. MEN LE FET KE MISYE KONNEN KE ZANMI-AN PAP TRAVAY, SE MANDE L-AP VIN MANDE-L, LI PA PRAN TELEFON NAN KI KOZ LANMO SE-A. DLO PAT KA SECHE NAN JE MISYE, ZANMI YO DI KE MISYE TE TOUJOU KONN AP DI LE YON NEG PAP TRAVAY SE KRAB LI YE, SI LI KITE KRAB KOKE NAN PYE-L SE RALE L-AP RALE LI DESANN, LI MENM SE MONTE L-AP MONTE. SA FE-M PANSE AK KEK NEG PA BO ISIT, DEPI ZANMI-AN PAP TRAVAY YO PA PRAN PA AVE-L, KOU GEN YON TI BAGAY YO TE GENTAN PRE POU ENVITE YO LAKAY YO, PASE PRAN YO. MESYE KI PAP TRAVAY YO PRAN KOURAJ, LAVI PA FINI, E LE BAGAY YO CHANJE, SONJE ISTWA SA-A POU NOU PA FE MENM JAN AK LOT ZANMI NAP GENYEN TOU KI PAP TRAVAY.
Posted on: Mon, 07 Oct 2013 19:25:09 +0000

Trending Topics



Recently Viewed Topics




© 2015