JEZU KONN FE ROUT KOTE KI PA TAP JANM GEN ROUT. Gen anpil moun ke - TopicsExpress



          

JEZU KONN FE ROUT KOTE KI PA TAP JANM GEN ROUT. Gen anpil moun ke yo te Ayiti, nouyôk, kanada, Pari, Guyann nen pôt kote yo yé ya ki pat janm konnen si jodi ya yo ta kelke choze paske rout la vi ya pat drêt devan yo. Men yo te toujou gen gnou sel rêv : Gnou jou ma kelke choze. Yo pa vôlè, yo pa antré nan dyab, yo pa fè bouzin, yo pa antré nan zenglendou, paske yo konnen ke se pa rout sa-a ki ka fè yo vinn sa yo vlé ye ya. Yo soufri, Yo grangou, Yo bwè dlo sel, Yo manjé tè ak labou, Bondye fè pou yo van délivrans souflé leve yo mete nan péyi etranjé rêv yo vinn reyalizé e yo vinn kelke choze. Sel sa mwen pa konprann ak mounn sa yo, se lè yap palé yap fè kôm si afê yo te bon yo pat janm konn mizè, yap dékalé peyi yo, yap dékalé mounn ki te konn édé yo nan poblèm yo. Mwen relé sa ingra se sel mounn ki ingra lè li jwenn abondans ak richêss ki ka bliyé kouman li te ye avan. Jodi ya map di sa pou tout mounn konnen e tandé sak faché mêt faché sak kontan mêt kontan. Tout mounn ki levé kité peyi li pou li alé viv gnou lôt koté se paske gen gnou bagay ke li pa jwenn nan péyi li. Exzanmp si mwen kité Guyane pou mwen vinn an Frans ce tou sinpleman paske gen gnou bagay ke Guyane pa ka ban mwen. Suspann fè intéresant lè wap palé ak mounn ki pa konnenw, lè ou di sa ou té yé konsyans vinn pi klè pou ou afronté sa ou ye kounneya. Se te Tout nouvel ke mwen te gen pou ou jodi ya bonswa tout mounn.
Posted on: Tue, 17 Sep 2013 22:03:28 +0000

Trending Topics



Recently Viewed Topics




© 2015