Lavi se yon kado spesyal ki vyen de Dye menm le gen moun ki - TopicsExpress



          

Lavi se yon kado spesyal ki vyen de Dye menm le gen moun ki egziste ki p ap viv.lavi se yon mevey byen ke gen moun ki pa we l,lavi se yon mirak menm le gen moun ki pa kwe l.lavi se yon bel souri nan yon vizaj,yon batman ke ala chaman nan yon lestomak,yon jwisans ou yon ogasm k ap vini nan yon kò..lavi se yon boul dyaman ak lò men gen moun ki deteste l e gen moun ki detwi l pou degouden.lavi se tt sa ki egziste ak tt sa ki pa egzite,lavi se mize e se la jwa epi se la vi e se la mò.lavi se sa w we ak sa w pa we,lavi se yon maten e yon sware e l se yon prentan epi yon ete.lavi se paradi ou lanfe epi se jodi ou demen.antouka nou p ap janm ka konprann li sinon nou pa t ap bay byen materyel ak pouvwa plis enpotans ke lavi,nou pa t ap janm tiye yon fre nou pou sa l posede e nou pa t ap janm kite prejije mennen nou ale,nou pa t ap janm rayi yon se nou poutet li usa e ou ayiti.rankin pa t ap gen plas nan ke nou si nou te konn enpotans lavi w e lavi pwochen w.nou pa t ap janm chwazi atifisyel olye de natirel,nou pa t ap janm chwazi satan k ap detwi nou olye de jezi k ap sove nou.nou pa t ap janm fabrike zam chimik ki pou detwi pwop nasyon menm jan ave w ke w pa gen anyen anplis yo ke mwayen ekonomik.di m kijan nou santi nou jodi an k ap kade ti moun an owochima jiskapresan k ap fet anomal e an etyopi tou eske w santi fye le w we yo defome konsa eske se pou w fe mal ke Bondye te ba w konesans lan.n ap preche de lapè men pouki jiskapresan n ap fabrike plis zam,pouki jiskaprezan nou still kache deye yon koule,ou rayi nwa deske w blan.pouki travon paka jwenn jistis alo w ap vin pale m de jistis tandiske l mouri inosamman.m ap sispann pale bel peyi m ayiti cheri m nan mal deske l pa gen jistis menm le yo fe l kle paske l se yon ti peyi,men kounye m we gen gwo peyi ki fe l an kachet e yo pi mal ke ayiti.ensi ke martin lutter king jr mouri rev li pa acheve paske rasis pi red isi e nwa yo esklav mantalman.mantalman yo e fizikman yo detwi nelson mandela ki pase mwatye nan vil nan prizon pr rien faire alo li pa menm viv 10 zan pou l ta rejwi tt tan sa l te fe anprizone an.yon peyi san moral san sousi san pridè,san fyete,san zaswil konsa mw pa santi m ka ret landan alevwa m ta leve pitit mw ladan.kote maryaj fanm ak fanm e bouk ak bouk legal,ki kont labib e ki anfave la lwa.yon peyi maledisyon Bondye tonbe sou li,y ap viv nan fe nwa e yo konprann sou late yo se wa.edikasyon m ap fin pran pou m tounen nan ayiti cheri m nan fok mw ta kite w pou m ta konn vale w,kounye an mw we vale w paske w se pi bon manman selman w gen move pitit selman sa ki ka okipe w yo pa nan bon pozisyon an.anfen lavi pa gen yon pwop definisyon tt sa m ka di yon jou wi yon jou Gran jevovah neg nwa tankou m ap bay jistis ak sa ki p at jwenn yo selman kite revanj yo pou li paske l di :a moi seul la revenge et la vngnce.
Posted on: Sun, 14 Jul 2013 13:15:58 +0000

Trending Topics



Recently Viewed Topics




© 2015