Mennen m kotew ye a cheri pa kite soley la finn kouche, poum pa - TopicsExpress



          

Mennen m kotew ye a cheri pa kite soley la finn kouche, poum pa we lawouze kow kap kouri manmi fem kado w, poum ka santi m nan paradi lem gade w kap mache ou fe tout kom fremi san nan kom koule tankou yon sous dlo ki pral lage nan bouchi cheri bote w plis ke yon zetwal kap penpennen nan mitan yon kilti rev pam se genyen w , chak jou pou ti kem ka souri yon bel ti moun tankou w pa mande pou lanmou ta toupizi vinn jwenn mwen bb poun ka chanje figi lanati waw! lanmou w fem tounen yon esklav kote ke lanmou libete pote antrav cheri ou se yon fyete, pou tout sa ki pa kwe ke lanmou egsiste cheri vinn jwenn mwen , mennen m kote lanmou pako janm rive fe rev mwen vinn plis ke sam pat imajine manvi wem kotew ye a poun ka fe ti jwet lago kache nan fe nwa manyenm, peze m cheri, wi ou rive kite men w la pa retirel cheri, manvi danse samba ket! cheri pa dim se yon rev ki bel konsa ala traka, se neg kap damou anreta bb pa dim ke l gen tan two ta paske m konnen lanmou pa janm pa la kote bel fle boujounen se la lanmou chita devan pot kay douvanjou se la m chita poum admire lawouze lanmou bel fle dize ap paret, kadans ou ap deboulonnen tankou yon bel fey vet hummm! cheri se pa jwet si admire w pi mal ke yon gran met... gade cheri, pran menm, mennen m kote w ye a fe kem sote 3 pa, san ke lot neg pat janm fe sa fem we 2 boul senlo w kap flote devan m tankou yon bel drapo banm ti kal nan pen kabich ou, paske m konnen ou pa two chich swetty, relem pakite pesonn tande dim nan ki direksyon ke ou ye, ma lonje 3 em pye m wa plase l kote l ta dwe ye. wouy cheri m chante pi red ke wosiyol kap mache, danse jwe banbou nan te panyol ou fem pale tout sa m , pat dwe pale, depale, kom ki m ta gen bon dyol. cheri tanpri pa bliye, pran menm mennen m kotew ye a...
Posted on: Tue, 03 Dec 2013 18:13:18 +0000

Trending Topics



Recently Viewed Topics




© 2015