Message au Parlement Haitien. Urgent!!!! Urgent!!!! Kèk tan Pèp - TopicsExpress



          

Message au Parlement Haitien. Urgent!!!! Urgent!!!! Kèk tan Pèp la ap swiv nou. Chak dosye sansib ki gen rapò ak kòripsyon, detounman de fon, viol, vol, krim gouvènman Roz la enplike ladann l, nou flòch li. Malgre anpil bon grenn andedan an, men konsa tou anpil sanzave vèditè, lèche cul Roz tou. Se Bon !!!!!!!! Ak dosye Jij Serge la.. Pèp la di li pap pase tankou dosye Arestation depite Arnel Belizaire a, doub nasyonalite a, dosye edo ak lambè e latriye. Anpil nan Nou se nèg ki soti nan la masse menm jan ak nou, ke nou bay pouvwa pou reprezante nou, suspann sal figi nou, suspann fè restavèk Ti Simone dayè nou konn li pase nèg la, epi menm si nou ta kriminel, li pi kriminel pase nou..Si se pou Lajan, lajan se pou yon tan « Ou mèt pòv pa vann diyite paske yon rich malonèt pi pòv key on pòv onèt. » Se sa Tropikana di. Dosye Jij Serge la istorik, si nou vann li pou plat manje nap rantre nan poubèl listwa tou balonnen menm jan ak tout krakè Roz yo. Anpil moun gen kè sote pase yo pa fè nou konfians e nou bay yo rezon pou sa. Men moin rete kwè gen kèk bon grenn ki ka mete men ak Senatè Moyiz Jean Charles e sak gen volonte pou voye Miki ak kolonn krakè Roz li yo nan prizon ankò paske tout fè prizon déjà Etazini swa pou vòlò, vyolans domestic oubien lòt bagay sal….Palmantè Ayisyen !!!!!!!!!! Je pèp la ap gade nou !!!! Se Bon !!!!!!!!!!!!!!!
Posted on: Wed, 31 Jul 2013 22:06:57 +0000

Trending Topics



Recently Viewed Topics




© 2015