Mèkredi 4 septanm Pral gen fo anseyan tou pami nou. — 2 Pyè - TopicsExpress



          

Mèkredi 4 septanm Pral gen fo anseyan tou pami nou. — 2 Pyè 2:1. Ki jan fo anseyan yo fonksyone? Metòd yo itilize yo montre jan yo mètdam. Aposta yo “vini anba anba” ak yon seri ide dwategòch. Menm jan ak moun k ap fè kontrebann, yo pa kite moun konnen sa y ap fè, yo fè opinyon yo pase anba anba. Menm jan ak raketè k ap fè fo papye, aposta yo sèvi ak “pawòl ki pou twonpe” moun, oswa agiman tètanba, pou yo eseye fè moun kwè sa yo di se laverite. Yo simaye “ansèyman y ap bay [yo] pou [yo] twonpe moun”, yo “defòme [...] Ekriti yo” pou yo fè moun konprann sa y ap di yo se laverite (2 Pyè 2:1, 3, 13; 3:16). Li klè, aposta yo pa nan enterè nou toutbonvre. Si nou ta suiv yo, sa t ap fè nou kite wout ki mennen nan lavi ki pap janm fini an. Ki jan nou ka pwoteje tèt nou kont fo anseyan yo? Bib la montre nou byen klè ki jan nou ka fè sa (Wom. 16:17; 2 Jan 9-11). Pawòl Bondye a mande pou nou “evite moun sa yo”. Gen tradiksyon Labib ki di “vire do ba yo”, “separe avèk yo”, “veye kò nou ak [yo]”. w11 15/7 2:5, 6.
Posted on: Wed, 04 Sep 2013 13:32:44 +0000

Trending Topics



Recently Viewed Topics




© 2015