O AYITI!!! A la traka pou Ayiti! Ayiti se wozo!!! Gwo van pa janm - TopicsExpress



          

O AYITI!!! A la traka pou Ayiti! Ayiti se wozo!!! Gwo van pa janm sipann fe L pase mizè devan je tout pitit Li bay libète kòm nasyon, O AYITI!!! Si la nati pase bo kote nou, ravaje sa nou genyen nou kapab aksepte e rekonesan poutèt se peche nou ki mennen nou labatwa. Men ti souflèt ak gwo souflèt nan men blan kolera, kadejakè, ki genyen misyon destabilizasyon bout tè Zansèt yo te bay nou pou nou byen mennen O BONDYE!!! Jouk kilè AYITI va soti nan plan destabilizasyon Depi kèk ane ki toujou simen divizyon nan mitan lidè politik blan, pou tèt yon ti monnen. Kòn lanbi devan jou rasanble nan tout kwen Men nan men viktwa pou yon demen. Kote nou chak va di si n te konnen. AYITI bezwen linite pou n di non a koleran Kadejak tanzantan E tout lot zatrap sanzatann. Viv AYITI m pap ni bliye ni abandone. Edriss MESIDOR, Poèt pa fòs
Posted on: Sun, 29 Sep 2013 00:33:54 +0000

Trending Topics



Recently Viewed Topics




© 2015