Pa gen nou youn ki deside wè peyi? Poukisa nou pa gade ki sa - TopicsExpress



          

Pa gen nou youn ki deside wè peyi? Poukisa nou pa gade ki sa Sendomeng ap fè? kijan lap avanse? Nap fè ògèy, frape lestonmak, monte kanson piwo ke tay nou, nou tout se vedèt. Nou pa sispann pran tèt nou matadò sipèb nou panse ke nou se Will Smith, Leonel Messi ak tout Christiano Ronaldo? Nou panse se nou ki Tom Cruisse ou byen Mel Gibson. Se bèl bagay. Roi pa kouzenn prezidan pa papan. Se vre?. Nap gaspiye tan. Nap boule jou, nap fè stayle. Pa gen problèm. Kot pil nèg ki te Roi dAyiti yo? Kote yo?. Nou sonje yo wi. Te genyen kite Prezidan. Genyen ki te jeneral,sak te kolonel nan lame. Genyen ki te majistra. Sak te komisè gouvènman. Sak te chèf nan opozisyon. Kote yo. Mwen wè anpil nan yo nan lari ya blanch kon koton, san sekirite jodi ya opinyon yo pa konte. Kote yo?. Pandan yap fe wout a 4 vwa nan Sendomeng ak lòt kote. Epi nou poko menm ka ranmase fatra lakay nou. Pandan kon gen 2 gout lapli ki tombe sinistre fè klenklen. Pandan ke nou pa konn kilè ki jou tè an ap tranble nan peyin? Nap gaspiye tan. Nap fisire peyi a pi plis. Nap simaye van divizyon? Se ak nou tout map pale wi. Epi mwen pa gen dwa pale ak sitwayen peyim? Nou di nap goumen pou pèp. Pouki nou pa fè inite pou pèp pito. Mwen vreman swete ke nou achte yon ti Konsyans poun ka retire têt nou nan sa nou ye a. Briganday Saa pap bon pou pèsonn, mande zòt la diw ki sa ki rezilta briganday. Kombatan jere peyi a tande! Saa se premye nan yon seri refleksyon ke map gen poum fè. Mwen se Fred Lizaire and Mick Avin and endorse this mesage.
Posted on: Wed, 23 Oct 2013 17:38:32 +0000

Trending Topics



Recently Viewed Topics




© 2015