Poukisa rache manyòk pa janm bay rezita an Ayiti? Malgre tout - TopicsExpress



          

Poukisa rache manyòk pa janm bay rezita an Ayiti? Malgre tout deriv prezidan Martelly ap fè yo, sèten moun panse nou dwe kite li fini manda 5 lane li a, menmsi li kraze peyi a. Kèk lòt moun panse, nou dwe kite demokrasi a fè chimen li. Kèk lòt gwoup ankò panse, se latwoublay plis ki pral kreye aprè demisyon Martelly, puiske, daprè moun sila yo, pa gen moun ki pou ranplase Martelly. Kesyon n ap poze moun sa yo : si w gen yon sèvant lakay ou, k ap achte e prepare manje k ap ba w dyare chak semèn, èske w dwe kenbe sèvant sa a, malgre medyokrite li? Depi kèk tan an Ayiti, se anbasad ki dirije tout desizyon politik peyi a. Dènye eksplwa yo reyalize, se nominasyon Martelly nan eleksyon chanpwèl 2011 yo. Fas a reyalite sa a, lidè politik ayisyen yo toujou mete yo nan pozisyon, pou pran dikte nan men anbasad menmsi sèten ladan yo fè gwo etid. Kidonk, anpil fwa gen mouvman leve kanpe nan peyi a, lidè politik restavèk sila yo pa janm gen okenn pwopozisyon, pou rezoud kriz la vre. Estrateji yo, se voye ale, epi ale chita nan anbasad pou pran dikte. Se sa ki lakòz, blan yo toujou retire yon tchoul ki epuize, epi yo mete yon lòt choul tounèf. An rezime, yo jis ranplase yon pyès nan sistèm nan. Sa ki pèmèt okenn chanjman reyèl pa janm fèt andedan peyi a vre. Pou nou ta kapab wè chanjman nan peyi a vre, fòk lidè politik yo ta prezante moun ak plan ki koresponn ak bezwen peyi a. Toutotan, se blan yo k ap enpoze restavèk tankou Martelly nan pouvwa Leta a, peyi sa a pa janm fè wonnpòt. Nou ap toujou rete dèyè kamyonèt la ap rele : yogann-yogann. Se nou tout ki pou leve e chanje sitiyasyon malouk sa a peyi a twouve li a. HAĩTI CHÉRIE, Groupe ouvert
Posted on: Wed, 18 Sep 2013 12:59:56 +0000

Trending Topics



Recently Viewed Topics




© 2015