RAPEL POU BEKEKE AK RESELE. May 31, 2013, at 10:24, Wilfrid - TopicsExpress



          

RAPEL POU BEKEKE AK RESELE. May 31, 2013, at 10:24, Wilfrid Constant Sistèm santral mwen pa solid ase.Ase pou m fè mezi gouyad entèlektyèl pou m ta fè pou m ta konvenk.Konvenk moun ki san etik.Konvenk moun ki pap tande.Moun ki vle tande sa yo vle tande epi lage rès la nan poubèl ki nan sèvèl yo a.Se ta jis matematik men yo ka konfonn siy soustraksyon ak siy miltiplikasyon.M pa konn kouman sa fè fèt men si yo ka tòdye listwa jis pou yo fè l chita sou yo, sa a pa anyen.M pa gen entansyon mande respekte laverite.Epi pouki pou yo respekte laverite si maske l dedwane yo? Kote m vle rive sè ke gen yon chante yon sèl kouplè ki nan bouch on gwoup moun depi peryòd eleksyon 2010 yo,"Lavalas nan pouvwa a depi 25 lane men li pa remèt anyen".Sa ta vle di se ekip Tèt Kale a ki vin deboulonnen l sou pouvwa a 14 Me 2011 epi kap vin retire peyi a nan tenten.Youn nan bagay m pap janm ka konprann, èske Martelly se pwofesè listwa gwoup moun sa yo oubyen èske Ayiti kòmanse ekziste pou yo 14 Me 2011? Ann gade pi pre.Jean Claude "Baby Doc" Duvalier kite Ayiti 7 Fevriye 1986.Konsèy Nasyonal Gouvènman (KNG)-Namphy I,Leslie Manigat, Namphy II, Prosper Avril, Ertha Pascal Trouillot ekzèse pouvwa a jis rive 7 Fevriye 1991.Epi 30 Septanm 1991,militè makout ak asosye yo, neo-divalyeris,Joseph Nérette,Jean-Jacques Honorat, Marc Bazin kenbe pouvwa pou jis 15 Oktòb 1994.Yo repran pouvwa a ankò 29 Fevriye 2004 pou rive 14 Me 2006.Sa vle di nan 25 lane yap pale a, Divalyeris yo te gen pouvwa a pou 123 mwa ki se 10 lane 3 mwa;kidonk,7 prezidan,4 Premye Minis;youn ladan yo, Marc L. Bazin,te gen 2 chapo an 1993-1994 paske pat gen Prezidan.Preval ak Aristide,Lavalas si yo vle mete l konsa,pase 14 lane 9 mwa sou pouvwa a.Pou laverite,Preval pou kont li fè 2 manda 5 lane paske ni Lentènasyonal, ni alye lokal li yo pat gen pwoblèm ak li.Mwen fè rapèl la pou nouvo Ayisyen yo ak sila yo ki fék kòmanse etidye istwa peyi Dayiti pou dènye 27 lane yo. Yon moun ka toujou,tankou pwofesè Michel Joseph Martelly, detounen evenman yo paske li ka sèvi koz li.Men gen yon bagay ki sèten, faits istorik yo se elastik,nèg kap fè lakilbit ak yo,kèlkeswa jan yo tire sou yo,yap tounen nan plas yo.
Posted on: Sat, 05 Oct 2013 03:52:56 +0000

Trending Topics



Recently Viewed Topics




© 2015