Selman moun BonDye envesti nan yo, m pap di nou anyen. Nou konnen - TopicsExpress



          

Selman moun BonDye envesti nan yo, m pap di nou anyen. Nou konnen byen BonDye envesti nan nou. Nou konnen tèt nou trè byen. Enben Met la voye m di nou. Se pa paske ou peche oubyen wap viv nan peche pouw abandone legliz. Met la konnen byen depi nou kite legliz pi souvan se Satan nou kite kouvri nou. Enben Met la di nou, gen fos nan san Jezu. Pa gen peche San Jezu pa ka efase. Met la di nou, li konnen li envesti nan anpil nan nou epi pou yon rezon oubyen pou yon lot nou kite legliz. Met la di nou, nou mèt tounen paske li ka repare nou, epi 2 bra li ouvè ap tann nou. Sèlman m bay mesaj la wi. Si nap fè rebèl nou menm ki konnen kisa nou pral di Mèt la lè nou va parèt devan l. Men Lezom aksyonè papa.
Posted on: Thu, 21 Nov 2013 19:25:41 +0000

Trending Topics



Recently Viewed Topics




© 2015