"Senlwi yon Demen Miyo" An nou mete tet nou ansanm Tankou Kristof - TopicsExpress



          

"Senlwi yon Demen Miyo" An nou mete tet nou ansanm Tankou Kristof Desalin Petyon An nou jete vyolans,enjistis ak koripsyon Pou nou kolabore nou ansanm Lajenes ann leve kanpe, kanpe Pou nou di ak fos Senlwi pap peri Nou tout nolwizyen ann fel souri Wi nan lape,linyon,respe lap chanje An nou retire en ki nan ke nou Wi,fok nou mete linyon antre nou Nap sevi ak lanmou pou demen ka miyo Konsa demen Senlwi ap miyo Fok nou aprann kole zepol youn ak lot Pandan nap gen respe youn pou lot Knsa nap vanse pou pi devan Le sa ke Senlwi va kontan Fok nou kenbe lari a ak bo lame a pwop Pou nou sispann jete nenpot vye salopri Knsa le yn etranje vin Senlwi lap ri Lap gade lap di nou pa malpwop Fok gen eskolarizsyon ak alfabetizasyon Pou ti moun ki granmoun al lekol Knsa tout moun ap ka kole zepol Le sa nap sispann siyen let kondanasyon Otorite yo,nou dwe pran responsabilite nou POU NOU PA WE POCH NOU SELMAN Men poun we devlopman Senlwi lakay nou Knsa nap gen yon gwo chanjman Senlwi yon demen miyo Pa repoze sou do mwen sel
Posted on: Tue, 27 Aug 2013 05:41:28 +0000

Trending Topics



Recently Viewed Topics




© 2015