Senye ou menm ki konen tout bagay mwen remet tout la vi mwen nan - TopicsExpress



          

Senye ou menm ki konen tout bagay mwen remet tout la vi mwen nan men ou fe sa ou vle avek mwen mwen ba ou ke mwen fe sa ou vle andedan coeur mwen. Mwen ofri la vi mwen tankou yon sakrifis mwen bliye tet pam poum ka viv pou ou map fe tout sa ou komande mwen poum fe kote ou mennen se la mwen prale mwen pran desisyon poum swiv ou juskalafin ban mwen fos nan san kris poum kapab kenbe fem nan sevis ou pa kite anyen detounen mwen sou chemin ou rete avek mwen pou toujou pa lage mwen nan wout kenbe men mwen fem rive pa kite mwen gade ni a gauche ni a dwat ni deye fem fokus fikse je mwen sou la kwa .map kouri san gad deye poum ka genyen kous lan pa kite mwen dekourage nan wout mwen vle genyen senye mwen renmen ou pase tout moun tout bagay pa kite mwen nye ou ni poum ta rayi ou mwen pou ou pou toujou ou pou mwen pou toujou se pou coeur mwen rete atache avek ou pou janm bezwen ou senye kisam ta fe si ou lage mwen nan wout jan mwen konte sou ou sa se sou ou map gade mwen mete tout espwa mwen nan ou senye fem rete fem nan sevis ou poum ka viv se poum viv dapre lalawa ou yo se yo kap fem viv pawol ou se yon lumye kap klere wout la devann li fem we kle kote map met pyem li fem veye sou tet pam pou male pa rivem pawol ou se yon pwisans ki ap pwotegem se pawol ou ki tout pwoteksyon mwen pa wete pawol ou yo nan coeur map kalkule poum viv dapre lod avek prensip ou banm se yo kap fem viv senye mwen mande ou fem gras nan amou ou poum kapab pesever ou pa renmen moun ki vire do ba ou se tout tan poum fe ou plezi plezi mwen se poum fe volonte ou net ale se poum toujou pratike le byen map chache konen sa poum fe poum ka fe ou plezi moutrem jan poum viv yon fason ki dako avek komandman ou yo le enemi mwen yo kanpe devan mwen moutrem koman poum fe poum pa dezobeyi lalawa ou moutrem koman poum chache sekou ou le mwen nan dange enemi yo te met vinn fem mal map mete konfyans mwen nan ou se byen pou mwen fe.
Posted on: Sun, 01 Sep 2013 23:49:44 +0000

Trending Topics



Recently Viewed Topics




© 2015