TCHAKATIS (extrè interview ak Papa Doc from MOST - TopicsExpress



          

TCHAKATIS (extrè interview ak Papa Doc from MOST WANTED) -Laguita: Zanmi pam atis pam, kijanw ye? Nou kontan genyenw sou plato Tchakatis sou page peyi yan Femme a la guitare. -Papa Doc: Yeye! Anfom laguita, nou la nap travay, tankouw konn di Nou la nap mete mind! -Laguita: Ok nou ap antre dwat nan but nou, palem un peu de MW.... -Papa Doc: Most Wanted se yon group de rap atis ki avek TANDE RECORD, Ki ap viv nan Delaware State ak nan Philadelphia ki nan Pennsylvania. 2 Atis sa yo se mwen Emmanuel Joseph Edman alias Papa Doc ki fe manage group la, Sammuel Edmond aka Sammy Da Boi ki se prodiktè group la. Se li ki fè beat epi ki record nou. Nou fè mizik rap, men nou se atis paske nou pres poun fe kolabo ak nenpot atis nan nenpot tandans. -Laguita: ayayayyy gro koze, Ok ki misyon MOST WANTED? -Papa doc: Misyon nou se enstwi jeun yo nan fe mesaj posit pase epi represante Haiti nan tout sans a lexterieur mizikalman... -Laguita: bon bagay net, Ok rapidman palem de zev nou ti mesye, kisa nou gen sou dife yan pou fan yo? - Papa doc: Laguita ou konn mouvman an pa fasil, but nou fe efo poun gen kek hit sou plato wan pou moun yo. NOU GEN YON DEMO DE 5 mizik. Tit yo se NOU LA ke se yon hit single ke nou fe video e li deyo. Track 2 se AYITI GEN ESPWA (Hope for Haiti) ki se yon bel mizik tou. Track 3 se DEDOUBLE se yon Rap hardcore. Track 4 FREE epi Track 5 LEVE KANPE. -Laguita: wololoy mesye felicitation se bagay serye net nap regle, and kouraje. Bon ok epam nou pa chante pou medam yo, kijan se saint legliz nou ye!? -Papa Doc: lolll ah non FG ou met poze ou konnen nou pap ka bliye medam bel dach ayisyenn yo. Nap travay sou yon album nan moman e nou gen yon bel hit ki fin kwit la ki titre Fanm ki gen pou soti bientot e videol ap fet paske se yon bomb. -Laguita: hannn ok Now mkonprann nou, ki denye bagay ou tap di piblik lan? -Papa doc: Nap big up e remesye tout fan, tout moun ki ap supote nou nan fason pa yo, Merci a ou menm laguita kap fe yon travay san parey, nou renmen sa nou swetew rive lwen e bon kouraj! ..........................
Posted on: Tue, 19 Nov 2013 21:45:01 +0000

Trending Topics



Recently Viewed Topics




© 2015