TI KOU KREYòL: “ZèB”: (ANGLè: GRASS) [EGZANP: “GEN NèG - TopicsExpress



          

TI KOU KREYòL: “ZèB”: (ANGLè: GRASS) [EGZANP: “GEN NèG NAN OPOZISYON AN K AP VOYE PYE PASKE MATELI PA MET ‘ZèB’ NAN DYòL YO TANKOU PREVAL TE KONN Fè; ‘ZèB’ MISYE SE POU FANMI L AK LòT KALITE MOUN”]. (“ZèB” SE YON NON KI VLE DI YON PLANT KI SèVI POU Fè GAZON; MEN NOU MENM AYISYEN PLIS SèVI AK LI KòM MANJE BèT. SOU REGIM PREVAL LA, NOU VIN BA L YON LòT SIYIFIKASYON KI PEJORATIV, KI VLE DI KOB TI NèG RESEVWA POU DYòL LI FèMEN. AKSAN GRAV SOU TèT LèT “è” A LA POU Fè N KONNEN GEN YON SON GRAV KI SOT DèYè GòJ NOU. Fè ATANSYON Lè N AP EKRI KREYòL MENM JAN NOU Fè Lè N AP EKRI YON LANG ETRANJE). (YON TI REMAK TOU KOUT SOU JAN AYISYEN PWONONSE MAJORITE MO FRANSE KI GEN LèT “O” LADAN YO TANKOU “O” A GEN YON AKSAN SIKONFLEKS SOU TèT LI. EGZANP: NAN MO FRANSE “SOLEIL”, LET “O” A PA PWONONSE TANKOU MO FRANSE “SOT” MEN TANKOU LET “O” KI NAN FEMINEN “SOT” A KI “SOTTE”). YON REMAK SOU PWONONSIYASYON AK EKRI NAN LANG NOU AN. MOUN KI PASE LEKòL AN AYITI, TOUJOU GEN PWOBLèM LI KREYòL LA JAN KE L EKRI A. EGZANP: “DIFE”, “DOKTè”. POU MOUN TANKOU M KI LEVE NAN FRANSE, MENM SI M EKRI MO SA YO KòRèKTEMAN AN KREYòL, MEN SE PWONONSIYASYON FRANSE KE M BA YO. ESKE SE YON PWOBLèM? NON, SE PA YON PWOBLèM Lè N KONSIDERE RèG SYANS LENGWISTIK LA. GEN YON PIL MO NAN FRANSE A TOU KE NOU PWONONSE YON LòT FASON KE JAN YO EKRI A. EGZANP: MO “PENSEE” (IDE KI NAN TèT NOU) GEN YON SON “AN” MEN LI EKRI YON LòT FASON. LI ENPòTAN POU N EKRI KREYòL NOU AN JAN GRAMè A MANDE N POU N EKRI L MENM SI N AP PALE L YON LòT FASON, POU N KA GEN INIFòMITE NAN LANG NAN. PA KOMèT ERè SA A POU N AP EKRI KREYòL LA MENM JAN NOU EKRI FRANSE. Fò M DI AN PASAN, SE YON IWONI KE SE MOUCHE MATELI, YON MOUN KI SWADIZAN K AP PWONE EDIKASYON, KI REFIZE SIYEN YON DEKRè POU GEN YON AKADEMI KREYòL AN AYITI. SE YON TI KICHòY POU EDE N NAN PALE AK EKRI KREYòL PI BYEN: CHAK JOU MWEN VINI AVEK YON MO KREYòL AK TOUT EKIVALAN L AN ANGLè. M AP ITILIZE MO SA A NAN YON FRAZ POU N KA BYEN KAPTE SANS LI; SI N ESEYE APLIKE YO, N AP VIN MATON SITOU NAN EKRI KREYòL AYISYEN AN.
Posted on: Sun, 24 Nov 2013 06:59:09 +0000

Trending Topics



Recently Viewed Topics




© 2015