Twa Timoun sa yo, yonn se Vilbrun Crack Rool( fenel, alyas - TopicsExpress



          

Twa Timoun sa yo, yonn se Vilbrun Crack Rool( fenel, alyas Timangous) Lot la se Estimphil Wilson (sosonn, Alyas, Tatoul) Lot la se pov mwen menm. yo te renmen rele m Edwa. M konnen si Timesye yo va fache paske m bay ti non jwet yo ak ti non fawouch le n tap grandi ansanm, paske neg sa yo fin granneg, yo fe inivesite,. yo tou de nan peyi meriken. Si yo ta fache m mande yo padon. Men kanta mwen, depi sou ti Vijay mwen nan ti mayon jonn saa ki date milnefsan jeoubliye saa, li montre ke m pa vo twop bagay, me se yon moun odine, M kraze, m brize tankou yon vye bagay. Kote m ye a fenwa bare m, se te m ap grate pou m we si m a jwenn yon ti gout limye. Anba syel kote m ap navige a, nyaj yo pa ban m chans pou m we soley. Men chans pa m, privilej pa m, m we Bondye sou twon ni m di l pou fe m goute yon ti gout lanmou, ak souri l li gade m epi li ban m tigout gras ak padon. Enben se s ak fe Jodi a m la toujou. Men malgre sa se vivan m vivan men m pa soumoun paske pa two gen plas pou mwen kote gwo moun ap pyafe. Men, Bondye bon !. YON JOU POU CHASE, YON JOU POU JIBYE. NAN MACHE PENITANS GEN JOU L. lE CHAPO LENN FIN DANSE, CHAPO PAY VA DANSE. M ap rete Dousman ak kalap nan pye m jouktan sajes mete soulye nan pye m.
Posted on: Mon, 02 Sep 2013 02:21:07 +0000

Trending Topics



Recently Viewed Topics




© 2015