Yon atelye 3 jou sou refom agre nan peyi Dayiti, tanmen madi 16 - TopicsExpress



          

Yon atelye 3 jou sou refom agre nan peyi Dayiti, tanmen madi 16 jiye 2013 nan otel le plaza ki nan potoprens. Se ActionAid Haiti nan tet kole ak Avoka volonte entenasyonal ki reyalize fomasyon sa nan entansyon reprezantan patne Actionaid yo ki fe pati Platfom JenanJe ki soti nan dives depatman nan peyi Dayiti. Objektif atelye 3 jou fomasyon sa, se fe konnen ak konprann lwa ak wol enstitisyon ann Ayiti ki gen rapo ak zafe te. Gen anviwon 20 reprezantan patne Actionaid yo ki reponn prezan nan fomasyon sa. oganizasyon patne Actionaid yo se : APV ki soti tigwav, KPGA nan jeremi, MPP nan plato santral, MPA ki soti lacul du nord, COSADH nan Lascaobas, KOZPAM nan potoprens, CROS ak FANM DESIDE ki soti nan Sides. Gen 3 Avoka nan tet kole ak Myra yon kad Actionaid ki asire bon dewoulman atelye sa. Avoka sa yo se : Met Kisline Jean Mary Cherestal ki soti Etats unis, Met Jerome Bouquet ki soti an Frans ak Met Jaccelus Joseph ki ann Ayiti. Nan kad dewoulman fomasyon sa, 4 gwoup te travay ann atelye sou kondisyon moun gen te ak travay te nan peyi Dayiti. Diskisyon yo te chita tou sou yon pwoje lwa, Institut National de la Reforme Agraire (INARA) reyalize ki ponko antre an vige. patne Actionaid yo ki fe pati platfom JenanJe ki se yon platfom kap fe pledwaye pou yon vre refom agre nan peyi Dayiti, ap chache enimere tout pwoblem te nan peyi Dayiti epi gade ki sa ki kapab ajoute ak retire nan pwoje lwa INARA. Toutfwa, platfom nan plede anfave yon refom agre entegral ki pran ankont dosye peyizan san te, sitou fanm kap viv nan seksyon riral yo ki travay te eki dwe jwenn bonjan te pou yo travay.
Posted on: Thu, 18 Jul 2013 02:57:44 +0000

Trending Topics



Recently Viewed Topics




© 2015