Yon jèn gason tap pral gradye kolèj. Depi lontan misye te wè - TopicsExpress



          

Yon jèn gason tap pral gradye kolèj. Depi lontan misye te wè yon machin nan yon dealer ke-l te renmen anpil, se te yon bèl sport car, li konnen papa-l te kapab peye li pou li, li di papa-l ke li vle-l. Kòm Jou gradyasyon ap apwoche, jenn gason an ap tann pou papa l di-l li Achte machin nan pou li. Finalman, jou maten gradyasyon, papa-l rele-l nan biwo li. Papa-l ap di-l ki jan li fyè de li, li se yon trè bon ti moun e konbyen li renmen-l. Li bay pitit gason an yon bèl bwat ki vlope ak papye kado. Ti gason ap gade, men yon ti jan wont, jenn gason an louvri bwat la li jwenn yon bèl Bib an kwi ekri ak non li sou li an lò. Tout an kolè, li leve vwa-l sou papa-l, li di: Tout lajan sa ou genyen yo, se yon bib ou ban mwen ? Li frape pòt la epi li kite kay la, li kite Bib la. Anpil ane pase e jenn gason an fè anpil siksè nan biznis. Li gen yon bèl kay, yon bèl fanmi, men li vin reyalize papa-l te kòmanse antre nan laj, li panse petèt li ta dwe al wè-l. Li t wè li depi jou gradyasyon an. Anvan li te fè aranjman, li resevwa yon telegram ke yo voye di-l papa- l mouri, papa-l kite tout byen li yo pou li. Li bezwen vini lakay imedyatman pou-l pran swen bagay sa yo. Lè li rive nan kay la, toudenkou tristès ak regrè plen kè-l. Li kòmanse ap chèche nan papye enpòtan papa-l yo, li wè Bib la toujou la, jan li te kite-l la depi plizyè ane sa yo. Ak dlo nan je, li louvri Bib la epi li kòmanse vire paj yo. Papa-l pou-l atire atansyon-l te souliye, Matye 7:11, Si nou menm ki mechan jan nou mechan an, nou konn bay pitit nou yo bon bagay, nou pa bezwen mande si Papa nou ki nan syèl la pap ban nou bon bagay lè nou mande li? Pandan lap li pawòl sa yo, yon kle machin tonbe soti nan do Bib la. Li te gen tag ak non Dealer a ladann, menm Dealer ki te gen Sport car li te vle a. Nan tag la li te make dat gradyasyon li an, avèk mo sa yo ... PEYE AN PLEN. Konbyen fwa nou rate benediksyon Bondye, paske yo pa vlope jan nou te espere li a, jan nou te vle-l la? Si sa touche kè-w, tanpri pataje-l. Ke Benediksyon Bondye toujou touche lavi-w.
Posted on: Tue, 12 Nov 2013 15:37:20 +0000

Trending Topics



Recently Viewed Topics




© 2015