You group nan sosyete-a mande gouvenman-an pou yo ranvwaye date - TopicsExpress



          

You group nan sosyete-a mande gouvenman-an pou yo ranvwaye date 28Juil kom date 'Carnaval des Fleurs' yo an Haiti. Pòtoprens, 10 jiyè 2013 Kanaval 28 jiyè se krache sou memwa pèp ayisyen Nou menm sitwayen ayisyen ki siyen petisyon sila a estomake gouvènman an chwazi dat 28 jiyè a ki se anivèsè Okipasyon ameriken (se 28 jiyè 1915 merin ameriken yo te antre nan peyi a) pou dat inogirasyon Kanaval dè flè li a. Pas ankò gouvènman an chwazi depanse nan kanaval alòs gen bezwen lajan pou òganize eleksyon e pote solisyon nan pwoblèm popilasyon an k ap soufri. Pas ankò gouvènman an bliye oswa fè kòm si li bliye nan ki kontèks gouvènman Divalye a te vin ak lide kanaval dè flè a. Men pou li chwazi dat 28 jiyè se manke respè pou sitwayen ki te konbat premye okipasyon an, se manke respè pou peyi a ki bezwen reflechi ki jan pou li soti anba okipasyon n ap viv jodi a. Jounen 28 jiyè a se yon jounen refleksyon ak souvni li dwe ye, pou sa pa rive ankò. Nan yon peryòd tout moun nan peyi a ap leve vwa yo pou mande depa MINISTA, si prezidan an, premiye minis la, minis Edikasyon nasyonal la, minis Kilti a ak tout gouvènman an wè se banbòch dat senbolik sa a merite, yo gen dwa fè l an prive, men yo pa gen dwa mobilize resous peyi a pou vòlè dwa nou pou sèvi ak dat sa a pou nou reflechi sou listwa n ak reyalite n ap viv jodi a. Nou mande pou gouvènman an chwazi yon lòt dat pou òganize kanaval dè flè a. Nou mande medya yo pou prezante nan dat sa a emisyon ki gen karaktè istorik ak pedagojik, ki ankouraje refleksyon sou sans jounen 28 jiyè a. Nan non moun ki te konbat Okipasyon an. Nan non timoun yo nou pa gen dwa leve nan liyorans ak lendiyite. Nous, citoyens haïtiens, signataires de cette pétition, sommes choqués du choix de la date du 28 juillet par le gouvernement pour l’inauguration de son « carnaval des fleurs ». C’est le 28 juillet 1915 que débuta l’Occupation américaine d’Haïti. Souffrons que le gouvernement choisisse d’engager des dépenses dans un carnaval de plus, alors que le pays a besoin d’argent pour organiser des élections et pour les besoins d’une population en souffrance. Souffrons encore que le gouvernement ait oublié ou fasse semblant d’oublier dans quel contexte et à quelles fins la dictature des Duvalier avait créé le « carnaval des fleurs ». Mais que le gouvernement choisisse la date du 28 juillet, c’est un manque de respect pour les citoyens ayant combattu l’occupation, c’est un manque de respect pour un pays qui a besoin de réfléchir au chemin de la sortie de cette occupation que nous vivons aujourd’hui. La journée du 28 juillet doit être une journée de réflexion et de souvenir, pour que de tels malheurs ne se reproduisent plus. A un moment où les voix du pays se lèvent pour demander le départ de la MiNUSTAH, si le Président, le premier ministre, le ministre de la Culture, le ministre de l’Education nationale et l’ensemble du gouvernement estiment que cette date symbolique appelle à la bamboche, ils peuvent la célébrer ainsi en privé, mais ils n’ont pas le droit de mobiliser les ressources de l’Etat pour nous voler notre droit à nous d’utiliser cette date pour réfléchir sur notre histoire et la situation actuelle du pays. Nous demandons que le gouvernement choisisse une autre date pour organiser son « carnaval des fleurs ». Nous demandons aux médias de présenter en cette journée du 28 juillet 2013 des émissions de réflexion et à caractère pédagogique autour des causes et conséquences du 28 juillet 1915, et portant sur la situation actuelle du pays. Au nom de celles et de ceux qui ont combattu l’Occupation. Au nom des enfants haïtiens que nous n’avons pas le droit de laisser grandir dans l’ignorance et l’indignité. Pierre Buteau Georges Castera Syto Cavé Lyonel Trouillot Evelyne Trouillot Guy Gérald Ménard Mireille Pérodin Jérôme Michel Philippe Lerenours Wooly Saint Louis Jean Fritz Deshommes Jean Lhérisson Kettly Mars Josaphat Robert Large Jean Hénold Buteau Guertchang Bastia Lovely kermonde Fifi Coutechève Aupond Olsen Séïde Luckens Legros Lise Darline Ménard Sadrak Charles Jean Mino Paul Stéphane Linouze Barthélemy Cherlson Ermoza Divenson Daltrius Marc Endy Simon Jhon Picard Byron Paule Andrée Louis Byron Makenzy Orcel Rodney Saint-Eloi Rolando Etienne Frantz Voltaire Louis Philippe Dalembert Gutsy Klara Pourchet Gaillard Kervens Beonard Monteau Edine Célestin Rose Miche Annette Michel
Posted on: Sat, 13 Jul 2013 15:33:17 +0000

Trending Topics



Recently Viewed Topics




© 2015