gen yon ti malerez ki sot hte siro poul vann men se nan kalbas li - TopicsExpress



          

gen yon ti malerez ki sot hte siro poul vann men se nan kalbas li te mete sirol la o tet li lap mache prese epi kalbas la tonbe tout siro gaye madanm nan sezi lidi o bonDieu a la mize map pase gen yon chat ki tela epi lal goute siro ki tonbe-a epil di ala mize dous papa se konsa bon Dieu ap bay mize dous sa yo epil pa janm banm pam fok male kot bon Dieu poum konnen pouki chat ale lel rive kot bon Dieu lidi koman wfe mechan konsa wbay tout moun mize dous men mwen menm wpa janm banm pam bon Dieu dil pagen pwoblem si sesaw vle map baw li bon Dieu dil ale nan bwat sayo swazi yonn deyo ale sel bagay pa ouvril kote pye bwa ye chat al pran bwat la li desann lel rive nan plenn vid li ouvri bwat lel gade li we yon gwo chen chat pran kouri jouktan li jwen yon pye bwa lap panse aprel di petet lem pako rive pou mize pam nan
Posted on: Fri, 02 Aug 2013 12:25:01 +0000

Trending Topics



Meh

Recently Viewed Topics




© 2015