~Blag~ Ti Marie mande yon ogmantatyon. Mètrès kay la fache - TopicsExpress



          

~Blag~ Ti Marie mande yon ogmantatyon. Mètrès kay la fache paske manmzèl mande pou yo ogmante lajan li a, alòs li rele Ti Marie Li di li : poukisa ou vle ogmantatyon an? Ti marie reponn: Ehbyen Madame gen 3 rezon ki fè m mande l : - Premyeman se paske mwen konn repase pi byen ke ou. Madame nan reponn li di : kilès ki di ou sa a? Ti marie di: Se mesye a wi ki dim sa a. Madanm nan di : a Bon! Ti marie kontinye li di : - dezwèmman, mwen fè manje pi byen pase ou. Lè Madanm nan tande sa li vinn enève li di li : kiles ki di ou sa a? Ti marie di konsa : Se mesye a wi ki dim sa a. Madame nan reponn: Konsa menm Ti marie di anko : - twazyeman mwen fè bagay pi byen pase ou Madanm lan si tèlman fache li di : se mesye a ki di ou fè bagay pi byen pasem ? map tann lè li vini pou mwen touye li. Ti marie di : non Madame se pa mesye a non ki dim mwen sa, se Tipyè jeran lakou a ki di mwen sa a. Menm kote a madanm lan sezi epi li di ti Marie konsa : mwen fout ba ou ogmantatyon an. *PDG* Akaboss M pa rive larrrr
Posted on: Mon, 04 Nov 2013 17:45:48 +0000

Trending Topics



Recently Viewed Topics




© 2015