Gen yon tan an Ewop, lanme a se te yon divinite ki te rele - TopicsExpress



          

Gen yon tan an Ewop, lanme a se te yon divinite ki te rele Oceanos. Menm jan nan Vodoun a yo rele lanme a non yon divinite/Lwa ki rele Agwe. Menm jan an tou yo te rele sa nou rele jounen jodia Syel la ak tout Zetwal yo, nan tan sa a yo te konn rele l Celaestia. Oceanos se te yon figi/eneji maskilen. Menm jan ak Agwe. Celaestia se te yon figi/eneji feminen, menm jan ak Ayizan nan Vodoun a. Menm prensip. Mwen pa konnen si Ewopeyen yo te konn kominike ak yo, menm jan moun nan Vodoun gen rapo ak Agwe ouswa Ayizan. Sa nou konstate, jounen jodia, Ocean vin tounen non lanme a. Celaestia vin tounen wayom syel kote yon seten papa Bondye rete. Lontan, depi l 6 ze diswa, legliz Katolik te konn sonnen kloch pou fe moun koumanse lapriye Langelis, ki se lapriye di swa, lapriye pou manman Marie, reine du ciel... Chak swa wi. Nan liv mwen ap ekri la a, map gen pou m bay plis detay.
Posted on: Thu, 27 Jun 2013 05:45:40 +0000

Trending Topics



Tempest Mech:31 33 34 33 00 00 00 00 00 00 00 00 00 00 00 00
SAD BUT TRUE ~ HOW TO BECOME A BAD LOSER Av Helene - 2013-10-24
It is with great sadness that we bring the sad news that a long

Recently Viewed Topics




© 2015